Grandans : Òm dafè Joseph Munir Mourra, evantyèl kandida pou pòs prezidan Dayiti plede anfavè rekonstriksyon palè nasyonal la.

09 – 27 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TriboLAND) Nan kak virewon politik lidè Mobilizasyon pou Pwogrè Ayiti (MPH), Joseph Munir Mourra ap fè nan Grandans peyi a, plede anfavè rekonstriksyon lokal palè nasyonal la ki te yon synbòl ak fyète pèp ayisyen an. Pou mesye Mourra, li pa nòmal kòm nasyon pou nou pa genyen yon batiman fizik ki pou idantifye lokal ou biwo premye sitwayen ki mandate pou dirije peyi a.
Lidè mouvman Mobilizasyon pou Pwogrè Dayiti a, Joseph Munir Mourra, ale pi lwen pou fè konpwann sa pa fè onè nou kòm pèp nan tan vente inyèm syèk sila pou pa genyen syèj ofisyèl pou laprezidans. Konsa, pou Mourra, pwojè rekonstriksyon palè nasyonal la, egzije inite nan mitan tout pitit Ayiti; kit ou se nwa, kit ou se blan oubyen wouj.
Se konsa, mesye Joseph Munir Mourra kwè, yonn nan mwayen demokratik pou sòti Ayiti nan maras politik ke nou ye la; (ekonomi tsunami ak anachi nan nivo gouvènans) se eleksyon jeneral la ki pou reyalize san pèdi tan.






