CIFITFRAB nan tèt kole ak ODIPHA lanse pwogram fòmasyon teknik veterinè nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

879

04 – 10 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan lide pou konbat vye maladi kont divès espès zanmino tankou, bèf, kabrit, mouton, kochon, poul, poun site sa yo sèlman, Sant Entegre Fòmasyon ak Inovasyon Teknik Franck Bossel nan tèt kole ak òganizasyon Devlopman Entegre Peyizan Ayisyèn yo; lanse yon pwogram fòmasyon sou teknik Veterinè nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè.

Objektif fòmasyon sa a, se pèmèt chak seksyon kominal nan chak komin nan depatman Nòdwès la, rive genyen pou pi piti 2 ajan oubyen Teknisyen Veterinè.

Inityativ sa a pral pèmèt genyen yon valè ajoute nan pwodiksyon zannimo nan depatman Nòdwès la, kote pral genyen plis, vyann, ze, lèt, elatriye.

Responsab 2 òganizasyon sa yo, di yo deja pare pou resevwa enskripsyon yo nan mwa avril la, yon mannyè pou kou yo ka demare nan mwa jen kap vini la a.

Comments are closed.