Plizyè chofè kamyon ak trelè denonse kòripsyon yo di kap taye banda sou waf Tigwav la.

625
0
Share:
TRiboLAND


08 – 28 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè chofè kamyon trelè ki soti nan divès depatman jewografik peyi a ki vin anbake machandiz: gaz ak siman sou waf Tigwav la. Nan yon interview yo akòde ak la près jounen mèkredi 28 dawout 2024 la, konsène yo pa mete dlo nan bouch yo pou denonse divès ka kòripsyon yo di kap taye banda sou waf Tigwav la.

Chofè kamyon yo denonse otorite yo nan lameri Tigwav la, responsab APN nan madam Carole Exavier ak ajan sekirite waf Tigwav la, yo di ki mare sosis yo ansanm pou fè kòripsyon nan vann siman ak lòt materyèl. Sepandan,  chofè yo pa kapab jwen yon chajman siman pou rantre lakay yo.

Selon chofè yo toujou, lameri Tigwav reklame 1.000 goud pou chak kamyon. Ajan sekirite yo sou waf la, bò kote pa yo ta reklame 10.000 goud kòm woulman pou separe ak direktris APN nan madam Carole Exavier, yon fason pou yo kapab genyen aksè rantre sou waf Tigwav la.

Share:

Leave a reply