Imigrasyon nan Peyi Blan Meriken depòte madanm #1 chèf gang “Baz Gran Grif” la kap opere nan Savyen.

1,540

Dayana Théodore, madanm Luckson Elan, majòjon Baz Gran Grif” la jwenn depòtasyon li ak 2 pitit li yo.
11/02/2022

Latibonit, Ayiti__(TRiboLAND) Dayana Théodore se non madanm chèf gang Luckson Elan kap opere nan Savyen, depatman Latibonit. Nègè tonbe anba men imigrasyon nan moman li tap resevwa yon gwo magogo lajan nan yon mezon transfè ki pote non Western Union, Florid.

Gwo kout filè sa a rive fèt, nan moman madanm majòjon gang sangwen an te twouvel nan difikilte pou l te founi bon jan esplikasyon sou kòman? kijan? Kisa li pral fè ak kantite lajan Luckson ap voye ba li yo.

Konsa, apre entèvansyon ak envestigasyon lapolis Imigrasyon otorite blan meriken yo pat gen lòt chwa ke depòte nan peyi Dayiti Dayana Théodore ki tap viv Florid ak tou 2 ti pitit gang li yo. Antouka, pou kèk moun kap panse, lapolis ayisyèn gen enterè kenbe Dayana ak tout ti inosan yo, yon fason pou chèf gang Lucson kapab livre tèt li.





Comments are closed.