Pòdepè: Lari yo tounen «Car Wash»

367
0
Share:
TRiboLAND

Nan vil Pòdepè, sitou nan prensipal wout yo, fenomèn moun ap lave motosiklèt nan mitan lari a vin tounen yon pratik chak jou. Depi w ap pase sou anpil katye, ou jwenn jèn gason k ap vide dlo sou motosiklèt pandan sikilasyon an ap fèt. Sitiyasyon sa a lakoz anpil pwoblèm: pyeton ak chofè yo souvan oblije pase anba zè dlo, san konte risk pou glise ak aksidan ki ka fèt sou tè a ki toujou mouye.

Pafwa, ou menm ki byen abiye ap travèse, yon kout zè dlo ka vole sou ou. W ap panse ou soti tout net, men nan yon bat je ou tounen tankou ou plonje nan poud blan, sitou lè rad ou klè. Se yon sitiyasyon ki bay gwo dezagreman pou moun ki ap deplase nan vil la. Se vre, ka toujou gen car wash paske motosiklèt dwe lave, e moun ki fè travay sa a bezwen fè ti rantre yo. Men sa dwe fèt nan yon espas ki pa deranje lòt moun, olye se nan mitan lari piblik kote tout moun oblije sibi konsekans la.

Plizyè sitwayen denonse dezòd sa a ki ap fèt devan je tout moun, san okenn entèvansyon. Kesyon k ap poze, èske otorite minisipal yo pa remake pratik sa a? Oswa èske se mank volonte ki fè yo pa janm pran dispozisyon pou mete lòd? Pou anpil moun, se pa sèlman kesyon dezòd nan vil la, men tou kesyon imaj Pòdepè ki parèt tankou yon espas kote chak moun ka fè sa yo vle nan lari piblik.

Responsablite otorite lokal yo se mete règ nan itilizasyon espas komin nan, pou evite lari yo tounen yon “car wash” a syèl ouvè.
Jiska prezan, fenomèn nan kontinye ap pran plis teren, pandan popilasyon an ap mande pou gen yon repons serye.

Lesly Romond, Jounalis

Share:

Leave a reply