Tigwav sante : Yon sant sante byen ekipe, inogire nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav.

127
0
Share:
TRiboLAND

03 – 12 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) “Diabetic and Hypertension Relief Center,” se sou non sa a, fanmiy Dufort inogire yon sant sante nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, Abitasyon Chato, lendi 9 mas 2026 lan. Seremoni sila ki te boure avèk moun, te fèt an prezans divès pèsonalite nan domèn sante ak plizyè lòt sektè nan lavi lokal la, pami yo Kazèk Dieumène Raymond, Asèk Nesly Baptichon, ekip sante rejyon gwavyèn nan, reveran pè Seraphin Contan pou ‘n site sa yo sèlman…

Fondatè sant lan, Lemour Dufort ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare li goumen ak divès kalite moun yon fason pou yo rive mete kanpe sant sante sila a ki byen ekipe ak bonjan doktè, enfimyè ak medikaman pou desèvi kominote Chato ak lòt zòn ki anviwonnen li.

Mesye Lemour Dufort esplike rezon ki pouse li mete kanpe sant sante sila nan zòn nan, se paske manman li te di li, li pase anpil mizè, soufrans avan li tombe sou bout tè sa a, li presize lè pou l fèt, tèt li parèt deyò epi 2 zèpòl li yo rete bloke nan pasaj. Pandan l di vokasyon li se te vini yon doktè pou swanye moun malad, sitou fanm kap fè pitit yo; sepandan li di, li rate vokasyon li poul te vin yon medsen akòz li te anreta lekòl. Inityatè sant lan ki kwè, li rate vokasyon li se vre, men li batay pou l fè yon pitit li vini medsen.

Toutfwa, Lemour Dufort mande popilasyon an, pou pa boule batiman an, paske daprè li sant sante a, la pou l amelyore kondisyon sante yo nan lokalite Chato.

Share:

Leave a reply