Tigwav : ACPVH klotire ane akademik aktivite lekòl la ak yon gwo remèsiman anvè popilasyon an

142
0
Share:
TRiboLAND

06 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Action Civique pour la Protection des Vies Humaines (ACPVH) bay yon konferans pou laprès jounen mèkredi 24 jen 2026 lan nan vil Tigwav. Selon pòtvwa ACPVH la, Jolicoeur Alfonse, objektif konferans lan, se pou klotire ane akademik 2026 -2027 lan epi remèsye popilasyon tigwavyèn nan pou akonpayman yo bay ajan yo kap travèse timoun lekòl yo nan lari nan vil Tigwav.

Nan sans sa, Jolicoeur Alfonse ki te sou tab konferan lan, mande popilasyon an nan nivo lokal, rejyonal, ak moun kap viv nan dyaspora ayisyèn nan, pou yo patisiipe nan fason pa yo, pou pèmèt ajan yo rete anvi nan kad mouvman sila a.

Yon lòt kote, pòtvwa ACPVH la, fè konnen depi lè yo rantre nan mouvman travèse timoun lekòl yo nan lari vil Tigwav, volim aksidan ki kon’n abitye fèt maten, midi eswa, redwi konsiderableman nan komin nan. Menmsi anpil fwa ajan yo viktim nan lari a, sitou lè yo ta vle kanpe yon chofè machin ak kondiktè moto yo, yo aji ak gwo ponyèt epi di yo betiz tout kalite.

Share:

Leave a reply