Tradisyon ayisyèn nan pa sispann taye banda nan Lakou Etazini gras ak inityativ yon lekòl nan Lakou Fort Lauderdale.

432
1
Share:
TRiboLAND


Enstitisyon William Dandy Middle School selebre fèt drapo ayisyen an gran panpan ane sa a nan Lakou Florida.

05 – 18 – 2024

Florida, Etazini__(TRiboLAND) Depi plis pase 24 lane yon ekip pwofesè chevrone nan William Dandy Middle School nan Lakou Florida, pa sispann goumen pou pwomote kilti ak tradisyon ayisyèn nan chak jou ki jou, ki pa sispann trebiche anba gwo pataswèl lòt kilti nan peyi blan Meriken ak divès lòt peyi.

Konsa, jounen vandredi 17 me 2024 la, responsab lekòl la ta pral pwofite okazyon 221èm anivèsè bikolò ayisyen an, pou òganize yon gwo sòlòkòtò pou onore kilti ayisyèn nan, kote drapo ayisyen an, istorisite bikolò a, mizik, dans, manje, poun site sa yo sèlman, ta pral sèl kòk chante nan lakou lekòl la.

Pwofesè Erold Accimé, ki t’ap pale fè konnen, inityativ dyòl loulouz sa a pran, nan lide pou rive ankouraje epi konekte plis pase 60% elèv ayisyen ki dekonekte ak kilti peyi yo kise Ayiti. Selebwasyon bikolò ayisyen an nan Williams Dandy Middle School, se yon legasi ou yon sasèdòs kiltirèl djanm pou pwofesè Accimé ki pa sispan pwomote divèsite pou enstitisyon an.

Selebrasyon 221èm fèt drapo ayisyen an, dapwè natif Sen-Lwidinò a, montre nou yon lòt fwa ankò, nivo lanmou ak kontantman ti moun, granmoun ayisyen yo genyen pou kilti ayisyèn nan, nan kad yon anbyans wololoy, san parèy yo te rive òganize.



Share:

1 comment

Leave a reply