Lidè pati politik pitit desalin lan fè konnen l ap retounen nan kontinan afriken an.

2,282

Louis Jameson

02/10/2022

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Ansyen kandida pou pòs prezidan peyi Dayiti, Jean Charles Moïse, anonse yon lòt fwa retou li nan kontinan afriken an; nan sans sa, l ap tou pwofite rankontre prezidan larusi a Vladimir Poutine.

Moise, pandan vwàyàj li pou kontinan afriken an ap genyen pou  nan peyi Kiba pou yon visit ki chita sou grese sere medikal. Pou lidè a, se yon obligasyon pou li fè eskal nan peyi Castro a avan li pran direksyon tèt dwàt pou kontinan afriken an.

Nan dènye vwàyàj Jean Charles Moïse sou kontinan afriken, lidè a te sibi gwo entèwogatwà bò kote responsab imigrasyon amerikèn yo ki tap tante fouye zo nan kalalou yon seri rankont sispèk ke Moise te fè an afrik. Se yon sitiyasyon ki ta pwàl okazyone lidè a fèmen nan detansyon, viza revoke ak depòtasyon pou li pa mete pye li nan peyi Etazini apwè senk lane.

Antouka, nan mwà jwen pwochen, lidè pati politik pitit Desalin nan konte pran direksyon kontinan afriken an tèt dwàt.

Comments are closed.