Komisè pakè Tigwav la, Elioth Paul pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile kòm kwa li ta libere yon kriminèl.

238
5
Share:
TRiboLAND


08 – 04 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt PIERRE Elioth Paul nan yon pwen pwès nan biwo li, jodi dimanch 04 dawout 2024 la, pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyo yo ak medya tradisyonèl yo. Enfòmasyon ki ta vle fè kwè li ta libere yon kriminèl nan prizon sivil Tigwav la.

Chèf pakè a, di li rekonèt li te bay lòd libere Exil Gary ki te akize pou vòlè kabrit; yon dosye ki fè li pase plizyè ane nan prizon pandan ke mèt kabrit la pa jam fè konparisyon. Se konsa, pakè te deside libere li. Selon komisè Elioth, pou listwa e pou laverite, li pat janm bay lòd pou libere Emile Gary ki se kriminèl gran chemen li di ki te asasinen yon ajan UDMO Kadaphi Zephir, pandan’l fè konnen se prizon sivil Tigwav la ki libere Emile Gary nan plas Exil Gary.

Numewo 1 pakè a, mèt PIERRE Elioth Paul deklare se paske lap mennen yon batay kont kòripsyon, kont nèg kap fè fo, kont nèg ou byen yon gwoup nèg kap anvayi tè timalere, malèrèz; se sa yo ki lakoz yo vle elimine li, sal imaj li, yo vle pou transfere li, revoke li nan tèt pakè Tigwav la.

Toufwa, komisè PIERRE Elioth Paul mande popilasyon gwavyèn nan pou toujou kwè nan li, rete soude avèk li. Lap kontinye akonpaye yo. Sepandan, lap toujou mennen batay kont tout moun kap fè fo, kont tout moun kap pyafe nan kòripsyon, kont tout nèg kap anvayi tè moun nan jiridiksyon an.

Share:

5 comments

  1. Idalise Saintilus 4 August, 2024 at 23:05 Reply

    Bonjou triboland Lacroix mwen salye tout staf moun ki fe pati triboland espesyal man pdg Loulou mwen renmen triboland anpil mwen santi mw viv nan triboland

    SAINTILUS IDALISE Goupe
    Bethesda

Leave a reply