Militan politik Yves Placide mande katèl enterimè Tigwav la pou entedi gwo kamyon trelè sikile nan vil la.

08 – 14 – 2024
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen kandida pou pòs majistra sou platfòm “Politik Grenn Bòt” la nan eleksyon pase yo, Yves Placide nan yon interview li akòde TRiboLAND maten mèkredi 14 dawout 2024 la, mande katèl enterimè meri Tigwav la pran responsablite li. Yves Placide mande pou katèl la entèdi kamyon trelè sikile nan vil la nan okazyon fèt patwonal Notre Dame Tigwav.
Ansyen kandida pou pòs majistra a, deklare se iresponsablite otorite yo nan lameri Tigwav ki lakòz deriv sa yo ap fèt andan vil la. Yves Placide pa manke mo pou denonse pwopriyetè Bato Carolly li di kap debake yon seri gwo trelè kontrenè kap kraze enfrastrikti woutyè vil la ki pat konstwi pou sa.
Yon lòt bò, sitwayen angaje a fè konnen se chak jou bato mesye Carolly ap pote yon seri moun lage ap sikile nan vil la san pa genyen oken otorite ki genyen kontwòl rantre e sòti moun sa yo, pandan l presize ensekirite ap fè raj nan peyi a.
Toutfwa, ansyen kandida malere pou pòs majistra a, Yves Placide bay otorite yo nan meri Tigwav jodi mèkredi 14 dawout la pou pran desizyon pou entèdi kamyon trelè sikile nan vil la, ki dejà koze anpil anbouteyaj nan okazyon fèt patwonal Notre Dame Tigwav la.







Mw dako avek ansyen kandida a se iresponsabilite leta ki koz peyi a nan sal ye la
Triboland latortue
Vitazen Keto Gummies I just like the helpful information you provide in your articles