Minis Jistis la chanje chèf Pakè Okay la, epi ranplase-l imedyatman

08 – 20 – 2024
Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon korespondans Minis Jistis la, Mèt Carlos Hercule ekri Mèt Azor Wadson jounen lendi 19 dawout 2024 la, li anonse-l ke Ministè Lajistis mete-l disponible san sòl. Yon desizyon ki aplike menm kote li resevwa lèt la.
Nan menm dat la tou, Minis Jistis la pat pran tan pou ekri Mèt Joubert Amazan pou anonse-l ke yo chwazi li pou okipe pou yon ti bout tan, fonksyon Komisè Gouvènman Pakè Okay la.
Oken detay pa bay sou rezon ki fè otorite yo nan Lajistis pran desizyon sila, sepandan, daprè yon pwòch pouvwa, gen divès chanjman kap kontinye fèt nan kad estrateji pou aplike politik gouvènman an.