Lari komin Montòganize klere tankou lalin aprè tès teknisyen yo sou rezo elektrik la

868

08-07-2023

Montòganize, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon vizit repòtè TRiboLAND fè nan Montòganize lanwit 5 dawou 2023 a, pèmèt obsèvasion ke komin nan ap boujonnen apwè tès teknisyen yo, nan yon liminozite san pwesedan.

Jan Majistra enterimè komin Mòtòganize, Sylvio Micano a te anonse, finalman popilasyon an jwenn chans wè yon ti limyè. Selon yon vizit dèlye, TRiboLAND temwen yon seyans aktivite ekleraj elektrisite nan komin nan; yon eksperyans ki te kreye anpil efori apwè yon etènite ekzistans nan fènwa.

Popilasyon an nan komin nan te swaf ekleraj ke yo pat genyen pou plizyè deseni. Konsa, divès manm nan popilasyon an mande responsab santral yo, pou kòmanse avèk pwosesis koneksyon an.

Santral elektrik tankou Kapotiy, Valyè, Montòganize deja ap fonksyone nòmalman. Antouka, 17 dawou pwochen, se pral okazyon egalman pou komin Karis viv menm eksperyans sila, si nou ta vle kwè responzab rezo elektrik yo.

Comments are closed.