Group avoka fanmiy Moïse la mande ak jij kap enstui dosye asasina ansyen chèf Leta Peyi Dayiti a, tchoule kòl nan dosye a.

1,090

Gwoup avoka kap pran defans Martine Moïse nan dosye asasina prezidan Jovenel Moïse la, mande ak Jij Walther Voltaire, efase’l nan dosye a.

12-07-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non, “EXPERTUS FIRME D’AVOCATS”, ki date jounen mèkredi 7 desanm 2022 a, Konsèy Avoka kap defann fanmi lan, mande ak jij enstriktè Walther Voltaire, efase’l nan dosye a paske dapwè yo jij la koule kafe’l ak ma.

Konsèy Avoka fanmiy Moïse la, nan lèt sa a fè konnen, Jij Walther Voltaire genyen gwo relasyon zanmitay ak divès manm fanmiy politik INITE ki enplike nan touye ansyen chèf Leta a, pami yo mouche Paul Denis.

17è mwa depi asasinay la, pou anpil moun lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la ap pase menm jan ak Anperè Jean Jacques Dessalines, lè yo konsidere genyen twòp divèsyon nan dosye sila.

Lè sepa kesyon kòb, se dwòg.Chat konnen rat konnen bòk mayi a pa fè yon pa kita,yon pa nago!

Comments are closed.