Lapolis nan tèt kole ak bandi prèt pou fè san koule, nan kad yon konfli teryen nan zòn Polen/Lakòn.

1,464

04-01-2023

UDMO ki makònnen ak bandi, san konte gwo palto nan vil Pòdpè, pare pou simen dèy nan lokalite Lakòn, pou tèt yo ta poze lapat sou teren plizyè ti malere ak malerèz.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon dyalòg telefonik ki rann piblik sou rezo Sosyal yo, chèf gang Merilyen ensikoni kap opere nan 6è seksyon Polen/Lakòn, sou konplisite gwo palto nan lapolis ak lajistis nan vil Pòdpè, fè konnen, ajan UDMO ki pote non “4 Pòt” yo, monte sou teren Bruce Robenson, yon sitwayen Olandè, sou konplisite yon jij enstriksyon nan tribinal sivil Pòdpè a, ak yon gwo chabrak nan vil pòdpè ke tout moun konnen sou non Rodrigue ; dechèlpiye e separe anviwon yon kawo tè bay Lapolis epi akaparès tè yo.

Nan lide pou pwoteje tè sa yo, polisye UDMO sa yo ki ta sanble deja enplike nan yon dividal voksal (eliminasyon jènn sou pretèks yo se bandi, kontrebann gaz, biznis louch nan zangi, abi otorite e latriye) nan vil Pòdpè, di yo prè pou fouye tou antere nenpòt moun ki ta oze vin opoze ak yo, paske yo pap kite pesòn fè yo pèdi enterè yo.

Polisye sa yo ki pa, ni pwopriyetè, ni eritye, ni mandatè, jwenn sipò jij enstriksyon fanm tribrinal sivil Pòdpè a, ki ranje ak Rodrigue ak lòt asayan pou monte sou tè ti malere, epi lage yo 2 bwa balanse.

Li enpòtan pou konnen, menm ajan UDMO sa yo, se yo ki lage nan fè djòb sal ak plizyè patikilye nan vil la, pran kòb pou touye moun, sou baz yap egzekite bandi. Enfòmasyon yo ta fè kwè, menm ajan UDMO sa yo ta pral resevwa yon magogo lajan anba men, Exanel, yon komèsan nan vil Pòdpè, pou ekzekite ansyen chèf gang baz 305 lan, nan Twarivyè, pou tèt li te vin takse biznis li.

Antouka kote nap pale la, kè peyizan yo sou biskèt paske yo pa konn ki sen pou yo rele kòz Lapolis, Lajistis makònnen ak bandi prè pou fouye tou mete yo, pa bann epi pa makòn pou pwòp teren yo. Antouka, kò polis nan Depatman Nòdwès peyi a, ta sanble enplike ragagann nan grok rim ak kòripsyon, yon lòt fòm gang legal kap efondre peyi a!

Comments are closed.