Citoyens engagés pour la défense de Leogâne, chita pale pou mande leta Ayisyen debloke wout Nasyonal la.

82
0
Share:
TRiboLAND

06 – 01 – 2026

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Citoyens engagés pour la défense de Leogâne, chita pale pandan weekend pase a, nan lide pou mande pouvwa santral debloke wout Nasyonal la soti bò komisarya pòtay Leyogann pou rive nan komin Gresye.

Sitwayen yo ki fè konnen wout la ki bloke depi anviwon 2 lane, sa lakoz moun nan Gransid peyi a, pa kapab rantre nan kapital ayisyèn nan pou yo vake ak okipasyon yo. Yo deklare li pa nòmal pou bandi kriminèl viv ansanm yo bloke wout la sou koplisite leta Ayisyen ak sektè prive a nan peyi Dayiti, pou fè timalere, malèrèz peye gwo sòm lajan pou moute nan bato ak avyon yon fason pou yo rantre lakay yo.

Nan sans sa a, sitwayen yo ki di yo bouke, fwa sa yo pap pran gòl amen nan men bandi, leta Ayisyen ak sektè prive sansal la ki paralize peyia anba konplisite gouvènman anplas kap danse kole ak gang.

Share:

Leave a reply