Nan okazyon fèt manman yo nan Grandans, Fondasyon Ayisyènn Sante distribiye plizyè milye kit alimantè.

06 – 01- 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad pwogram sosyal pou sipòte sak pi fèb yo nan sosyete Jeremyènn-Grandanslèz lan, Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) nan Jeremi, distribiye kenz mil desan kit alimantè ak kado pou manman yo nan respè ak dinyite manman yo.
Daprè deklarasyon yonn nan responsab fondasyon an, mesye Poudel Chancy esplike aksyon sosyal ou imanitè sa yo plis vize manman ki fè pati kouch moun ki pi vilnerab nan katye popilè yo tankou, Sentelènn, Platon, Makandal, Karakoli ak sila yo ki ap viv nan milye riral yo atravè katòz komin depatman Grandans lan.
Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), selon mesye Chancy pa inikman yon enstitisyon ki entèvni nan domèn sanitè ak alimantè; se yon òganizasyon lokal ki ede moun afè pa bon yo nan kesyon lojman sosyo desan ; yo peye lekòl pou timoun defavorize yo; yo sipote peyizan agrikiltè yo nan elvaj ak enfwastrikti woutyè, yon pwatik ki favorize kreasyon dyòb ak anplwa pou yon bon pati nan sosyete Jeremyènn-Grandanslèz lan.





