CHANJEL mobilize plizyè jèn nan Site Kapwa Lamò a, pou antreprenarya ak devlopman pèsonèl

03/22/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Òganizasyon CHANJEL (Centre Humanitaire d’Action Novatrice des Jeunes Leaders), sou lidèchip plizyè sitwayen angaje tankou Jean Claude Seide ak Normeus Betty, lanse yon seyans fòmasyon enpòtan sou “antreprenarya ak devlopman pèsonèl” nan site Kapwa Lamò a, samdi k ap 28 mas 2026 la, nan Lise Tertulien Guilbaud a.
Aktivite sila prevwa rasanble anviwon 50 jèn ki vin chèche zouti ak konesans pou amelyore lavi yo. Fòmasyon an ap anime anba lobedyans Mèt Fanuance Hodney, ki gen misyon pou ede patisipan yo konprann vrè sans antreprenarya.
Daprè responsab yo, objektif prensipal fòmasyon sa a se pouse jèn yo soti nan zòn konfò yo, devlope lespri kreyatif yo, epi ankouraje yo pran inisyativ. Jean Claude Seide fè konnen, aprè fòmasyon an, CHANJEL pral kontinye akonpaye jèn yo pou yo antre nan aktivite antreprenarya, menm ak ti mwayen yo genyen disponib. Li ensiste sou enpòtans aksyon konkrè pou transfòme konesans an opòtinite reyèl.
CHANJEL, ki deja prezan sou plizyè pati nan tèritwa nasyonal la, kwè fòmasyon ak bon jan oryantasyon se kle pou konbat pwoblèm sosyal tankou chomaj, delenkans ak ensekirite. Pou òganizasyon an, envesti nan jèn yo se bati yon sosyete ki pi estab, kote chak moun ka patisipe nan devlopman peyi a ak dinyite.






