Don ekipman pou gade “Ayiti Nan Mondyàl” : èske se pou pèp la oubyen pou politisyen kap fè bè sou tèt Leta?

109
0
Share:
TRiboLAND

06/03/2026

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) PM Alix Didier Fils Aimé, atravè yon kominike li mete deyò, anonse yon inisyatif estrajik ki sible ranfòse mobilizasyon popilasyon ayisyèn nan sou patisipasyon istorik peyi Dayiti nan Mondyàl 2026 la nan peyi Etazini, Meksik e Kanada. Konsa, jan li te pwomèt li, PM Fils Aimé konfime yon lòt fwa ankò angajman gouvènman li a pou rete konekte ak kolektivite tèritoryàl yo.

Demach Alix la, se rive bay 571 seksyon kominal ak 147 komin opòtinite pou gade Mondyàl 2026 la. Li anonse distribisyon yon seri kit ki genyen gwo ekran televizyon, jeneratris, ak ekipman pou konekte. Se vre volonte pou pèmèt tout moun atravè peyi a jwen yon lòsyè nan Mondyàl la, li la; sepandan, eske ekipman sa yo pral vrèman rete disponib pou komin ou seksyon sila yo, lè ou konpran jan Leta gagòt ak manfouben sila fonksyone? Eske se pa jeneratris ou ekipman ke PM nan delivre bay direktè espò yo, kòm byen fanmiy yo ki rele yo chèmèt, chèmètrès?

Nou pa kapab bliye gagòt yon seri dirèktè Jenès e Espò fè nan Pòdpè ak yon seri ekipman tankou jeneratris (dèlko) e televizè, e òdinatè ke yo bwote lakay yo, e fè yo pase kòm byen pèsonèl. Jiska prezan, awogan imoral sila yo, pa sispann fè gwo gòj, malgre zak malonnèt sila yo ki pa janm genyen swivi ak envantè.

Nou ta swete, jès PM Alix Didier Fils Aimé pa fèt sou baz yon ti pas kout bay yon seri Gran Kola politisyen reselè ki pa sispann deposede popilasyon an nan divès rejyon peyi a! Nou ta swete wè swivi ki fèt sou tout antite ki responsab ekipman sila yo, menm twa ane apwè Mondyàl la!

Share:

Leave a reply