Arestasyon majistra enterimè kòmin Monwi a jounen madi 11 jiyè 2023

07-11-2023
Montrouis, Ayiti ____(TRiboLAND) Aprè jij ta fin tande Majistra kominal Monwi a, Blaise Élysée jounen madi 11 jiyè 2023, Lapolis ta mete l anba kòd.
Majistra enterimè a, jwenn arestasyon l touswit aprè odisyon devan jij enstriksyon premyè enstans Senmak la, Francisco Beauplan te fin tande’l. Yo akize li kòm moun ki ta patisipe nan touye Mèt André Charleus nan mwa avril dènye.
Majistra Blaise Élysée ki twouve l pou kounye a nan prizon sivil Senmak la.






