Ti Gwàv : Plizyé dizèn anseyan kap travay nan lekòl piblik yo nan Tiginan, òganize yon sitting pou mande minis edikasyon an, respekte akò li te siyen avèk yo.

02 – 23 -2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyé dizèn anseyan kap travay nan lekòl piblik yo nan komin Tigwav, òganize yon sitting devant biwo finans la, lendi 23 fevriye 2026 lan, ozanviwon midi konsa. Objektif yon parèy leve kanpe, te plis chita nan kad egzije minis edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Antoine Augustin pou respekte akò li te siyen avèk yo nan dat 20 janvye 2025 pase a.
Anseyan yo ki te move tankou kong ak tablo revadikasyon yo nan men yo, tap lanse gwo pawòl piman bouk ak kè plen kont leta Ayisyen atravè ministè edikasyon Nasyonal, pou fòse yo repon’n ak ansanm egzijans yo. Pami pawòl sa yo: FILS AIME mantè, FILS AIME wap antrave siw pa fè aplike akò a, yo pap rantre al travay nan sal klas yo. Kèk nan egzijans yo te plis chita sou:
1. Salè plentan pou tout anseyan premye ak 2èm sik yo
2. Aryere salaryal
3. Aliman Salaryal
4. Kat debi
5. Nominasyon
6. Ajisteman salaryal
7. Fon fonksyonman pou tout lekòl piblik yo
Pwotestatè ki deklare 22 mil goud leta bayo a, pa kapab repon’n ak bezwen yo fas ak kou lavi a, yo esplike si yo manje mil goud chak jou, genyen 7 jou nan mwa a, yo pap kapab mete men nan bouch.
Yon lòt kote, Anseyan yo moutre yo trè kritik kont minis Augustin yo di kap kraze lekòl la, akoz li rantre’l nan politik, pandan yo presize se lekòl yo kon’n fè, yo pa nan fè politik.






