Asosyasyon ATIDECH denonse pwopriyetè ponp yo nan Tigwav kap fè mache nwa ak gaz la

808

04 – 13 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan Yon yon sitting asosyasyon chofè taksi sekirite pou devlopman Dayiti (ATIDECH) reyalize jounen vandredi 12 avril 2024 la, devan tribinal sivil premye enstans Tigwav la ki loje pakè a, ak devan ponp Kapital la ki twouve li sou wout nasyonal # 2 a, denonse pwopriyetè ponp yo nan Tigwav yo espesyalman pon kapital la, yo di kap fè mache nwa ak gaz.

Asosiyasyon an mande egalman komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul pou asime responsabilite li, pa rapò ak seri deriv pwopriyetè ponp yo ap fè nan zafè gaz nan komin Tigwav.

Chofè taksi yo ki kalifye aksyon sa a, pwopriyetè ponp Kapital la poze a, kòm aksyon asosyasyon malfèktè, kòm aksyon gang, lè yo chwazi fè plis pase 3 milyon goud sou 9.000 mil galon gaz leta a, vann yo, san konte benefis leta bayo fè, lè yo vann yon galon gaz la a 340 goud, pou revann li a 570 goud, daprè sa asosyasyon ATIDECH rapòte bay laprès lokal.

Toutfwa, ATIDECH deklare, yo pa genyen pwoblèm pou ajoute yon timounen sou pri galon gaz la, lè yo konnen pwopriyetè yo, depanse anpil pou transpòte gaz la pa bato; sepandan sa dwe fèt sou baz yon akò ak otorite konsène yo nan vil la tankou : majistra enterimè yo, lapolis, lajistis ak asosyasyon chofè taksi yo, pandan yo presize, yo sezi wè, se lè yo rive nan tèt ponp yap aprann se 950 goud pou yo peye galon gaz la, pandan yo esplike 2 grenn je yo ap gade 570 goud afiche pou yon galon gaz nan tèt ponp la.

Comments are closed.