Kire pawas Tigwav la, reveran pè Boniface Sénat fèmen Chapèl Sanfranswa Dasiz ki nan Wo 12èm seksyon Tigwav.

265
0
Share:
TRiboLAND

03 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kire pawas Tigwav la, reveran pè Boniface Sénat pran desizyon fèmen pòt Chapèl legliz Senfranswa Dasiz ki twouve li nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Kleren, nan dat 11 janvye 2026 pase a.

Selon kèk peyizan, fidèl Chapèl Senfranswa Dasiz ki tap repon’n kesyon jounalis ki te sou plas, pè Boniface Sénat pran desizyon pou fèmen legliz la, akoz te genyen yon mès pè Savio tap selebre. Yo esplike, pandan moman ofran’n yo, daprè sa kèk ladan yo rapòte, genyen yon sitwayen ki poze yon aksyon kote li te pote nan yon bourèt, sab, ròch, blòk, fè ak fil aligati elatriye ke li te ofri kòm ofran’n. Konsa, fidèl yo te montre monpè volonte ki genyen pou mete tèt yo ansanm pou rekonstwi legliz la ki te kraze plat atè depi tranbleman tè 12 janvye 2010 pase a.

Peyizan yo kap poze tèt yo kesyon pou rive konnen ki vrè rezon valab ki lakoz pè Boniface Sénat fèmen legliz la e kanpe tout aktivite religyez yo. Pandan yo estime se yon moman pè a ta dwe ankadre yo nan legliz. Yo mande monpè pou l retounen sou desizyon gwo ponyèt sila ak konpòtman diktati fewòs li te pran pou l fèmen chapèl la.

Peyizan yo ki kwè desizyon kire pawas Tigwav la pran an, pou kanpe tout aktivite relijyez yo, se yon siy ki montre yo aklè pè a livre yo, pou fè yo al bat kòk kalite nan gage gran lakou epi al yaya kò yo nan rara. Fidèl yo ki deklare te genyen yon sitwayen ki te mouri nan zòn nan, yo te genyen gwo difikilte akoz yo pat kapab jwen legliz pou chante finiray la.

Li enpòtan pou fè remake, Chapèl Senfranswa Dasiz nan wo 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Kleren, pral selebre 100 lane depi li egjiste, nan dat 4 oktòb 2026 kap vini la a. Pandan nap fè konnen, chapèl la desèvi plizyè kominote tankou Dori, Boudo, Ba Boudo, Depalis, Dantis, Larivyè Plat, Piton ak Nan Ma.

Share:

Leave a reply