Nodwès dlo nan je: nan mwens ke 4 jou li anrejistre lanmò 5 kàd byen koni (mizajou)

497

05/25/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Kowonaviris la ta sanble ap vale teren nan Nòdwès ; apwè yon weekend mare ren fas ak lanmò plizyè notab nan vil Pòdpè pami yo Frizt Philippe, Madan Kèkè, (ke enfòmasyon lokal yo te konfonn nan yon pwemye tan avèk Madan Tchontchon, ki bèl ebyen anbòn sante) direktris Ekòl Amelia ak Me Eddy Gervé, avoka e pwofesè; yon lòt avoka ou edikatè, Eddy Balthazar mouri jodi madi apwè midi 25 me 2021 an nan vil Pòdpè.

Eddy Balthazar, yon natif natal site Kapwà Lamò a, pat gaya depi kèk jou; konsa, selon yon sous ki pwòch lekòl ke li tap dirije a, fè eta de dènye konvèsasyon ke li te genyen avèk Eddy lakay li maten madi 25 me 2021 an. Kidonk, ta sanble Me Balthazar tap eseye pase yon dènye konsiy bay pèsonèl etablisman an.

Anfen, pwofesè lekòl ke Mèt la tap dirije a, pat pran anpil tan pou yo te apran vè 4 è nan apwè midi ke se direksyon mòg fanmiy avoka a te gentan pran avè l.

Yon lòt bò ansye direktè lopital komin Jan Rabèl la, ki te direktè depatmantal Sante Piblik ak Popilasyon nan Nòdwès e aktyèl responsab pwogram “Zewo Kovid-19” nan nivo depatman sante nan Florid, Dr. Alex Plancher, pitit Pastè Plancher mouri anndan apatman li jodi madi 25 me 2021 an nan Florida. Sepandan, gen enfòmasyon ki ta vle fè konpran koz lanmò a ta plis genyen pou wè ak kriz kadyàk.

Nap raple se depi kòmansman weekend 22 me a, Nòdwès ap asiste avèk tristès plizyè travèse pitit li yo; 5 kadav nan mwens ke 5 jou, sa pouse moun mande ki lès moun ki pràl pwochen kadav la?

Comments are closed.