Delmas 40 A : Yon polisye tire yon chofè kamyon ak yon dam, kominote a mande jistis

174
0
Share:
TRiboLAND

01/02/2026

Delma, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dram frape katye Delmas 40 A, nan lannwit premye janvye 2026 la, apre yon polisye louvri kout zam sou de sitwayen : yon chofè kamyon ak yon dam ki te akonpanye li. Daprè temwayaj plizyè moun ki te sou plas, ensidan an rive apre chofè kamyon an te aksidantèlman kase yon fil kouran ki t ap alimante estidyo madanm polisye a.

Selon sa temwen yo rapòte, chofè kamyon an te eksprime volonte li pou negosye epi ranje fil kouran an. Malgre sa, polisye a pat asepte dyalòg la; li ta louvri kout zam sou chofè a, ki mouri sou plas. Dam ki te akonpanye viktim nan te blese gravman egalman. Konsa, li rann dènye souf li nan maten vandredi 2 janvye 2026 la.

Zak sa a soulve gwo endiyasyon nan mitan popilasyon an, anpil moun kalifye’l kòm yon zak banditis ki fèt otorite ajan fòs lòd yo. Divès vwa, pami yo manm nan sosyete sivil la, mande otorite konpetan yo pou idantifye, arete epi pini polisye sa a daprè lalwa; konsa, viktim yo ap jwen jistis e enpinite pap kontinye gangrennen enstitisyon yo.

Share:

Leave a reply