Kolè ak Endiyasyon nan Jan Rabèl apre Zak Vòl ak Kraze Brize nan Lopital la

312
0
Share:
TRiboLAND

05/13/2026

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan komin Jean-Rabel, plizyè jèn angaje tankou Bencarlos Athis ak Djinson Sereste leve vwa yo pou denonse zak kraze brize ak vòl ki fèt nan lopital komin nan. Daprè deklarasyon Djinson Sereste, endividi malonèt ta antre nan depo lopital la pou vòlè medikaman ansanm ak aparèy oksijèn ki sèvi pou sove lavi pasyan yo. Sitiyasyon sa a lakòz gwo endiyasyon nan mitan popilasyon an, paske zak sa yo mete lavi anpil moun an danje epi afebli plis sistèm sante komin nan.

Nan mesaj li a, Djinson Sereste mande ak anpil fèmte pou otorite polisye ak jidisyè yo pran dosye a oserye pou idantifye tout moun ki enplike nan zak la. Li egzije pou aparèy oksijèn yo ansanm ak lòt materyèl ki disparèt yo jwenn rapidman, epi pou tout moun ki gen responsabilite nan jesyon depo a oswa ki ta mele nan konplo sa a arete epi jije daprè lalwa. Pou li menm, pa dwe gen okenn konplisite ni tolerans nan kesyon detwi byen piblik, sitou lè se yon lopital k ap sèvi tout kominote a.

Jèn lidè a voye tou yon mesaj dirèk bay tout moun li akize kòm aktè k ap chache destabilize komin nan pou enterè pèsonèl yo. Li fè konnen li pap pè okenn presyon ni menas, paske selon li, verite ak jistis dwe genyen batay la. Li raple Jan Rabel bezwen yon lopital ki fonksyonèl pou bay swen ak popilasyon an, espesyalman fanm, timoun ak granmoun yo. Pandan tansyon an ap monte nan komin nan, anpil sitwayen ap mande pou limyè fèt rapid sou dosye sa a yon fason pwoteje byen piblik yo ak retabli konfyans nan enstitisyon sante a. ‎

Share:

Leave a reply