Vi deplorab nan Ginode: dlo, biwo, grangou, sante e wout sa pa egziste

199

02/05/2021

Ginode, Jan Rabèl______(TRiboLAND) Guinode, 2e seksyon kominal Jan Rabèl nan depatman Nòdwès, ap fè faskare ak tout kalte pwoblèm tankou : dlo, biwo pou loje pèsonèl la, grangou, sante wout, pou’n site sa yo sèlman.

KASEK Ferdé Charitable



KASEK seksyon an, Msye Ferdé Charitable, ki t ap idantifye yon dividal pwoblèm seksyon l ap dirije a ap andire e ki te rive fè yon ti chita pale ak TRiboLAND, jounen madi 4 fevriye 2021 saa, deklare :

1) Dlo ki pa genyen nan blòk la, lakoz abitan k ap viv nan lokalite Kòlèt, Plèn Soval ak Pecho, oblije pakouri 4/5 km apye avan pou yo jwenn yon ti dlo pou pase swaf yo.

2) Leta te tanmen konstriksyyon yon biwo pou loje KASEK la depi nan lane 2019. Biwo sa a, jis nan moman an Ministè Enteryè pa janm acheve l.

3) Lapli ki pa tonbe nan seksyon an depi nan finisman mwa desanm nan lakoz peyizan yo pa gen aksè ak jaden: tout rekòt yo peri anba fanm solèy.

4) Genyen 4 Sant sante atravè tout seksyon ki pa reprezante anyen. Yo pa menm genyen yon Fanm-Saj anndan yo alewè yon enfimyè.

5) Zafè wout la, se pi gwo tèt pou peyizan yo. Machin ak motosiklèt ki pa gen aksè pou transpòte rekòt abitan yo nan mache konn lakòz rekòt yo rive gate nan jaden yo. KASÈK la ajoute pou di se yon sèl wout ki gen nan kominote a. Li pa janm amenaje. Se wout sa a abitan yo itilize pou ale nan legliz katolik zòn nan ak nan lekòl Nasyonal la.

6) Absans lapolis nan seksyon nominal yo lakòz bandi ak zàm lage 2 gidon nan seksyon kominal yo.

KASEK 2e seksyon Guinaudée a, Msye Ferdé Charitable, ki di l enpuisan devan pwoblèm seksyon li an ap andire alòske KASÈK yo gen plis pase 12 mwa yo pa touche yon goud, mande entèvansyon otorite ki plase nan pliwo nivo Leta a.

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.