Sinyatè Akò Marriott yo detèmine ke yo pap divòse avè l

0 385

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon nòt ke repwezantan Altènativ Konsansyèl la Atoine Augustin ak Mache Kontre ak pòt pawòl la Rosemond Pradel fè sòti apwè plizyè envitasyon bò kote kabinè Pwezidan an deklare ke yo pa antann rankontre Pwezidan Jovenel Moise.

Dapwè Mèt Andre Michel, opozan fawouch pouvwa Jovenel Moise la, “senk antite ki sinye akò Marriott la pa soti pou vyole ou divòse ak dokiman sa ki egzije klèman demisyon san kondisyon Jovenel Moise; e li  anvizaje tou aranjman pou demaraj pwosè Petwo Karibe a san konte divès lòt masak ak yon konferans nasyonal souverènn.”

Kidonk, reyaksyon sa yo vòltije apwè 2 jounen refleksyon 17 ak 18 Desanm 2019 yo ant kèk pati politik ak repwezantan pouvwa a nan rezidans nons apostolic la nan Petyonvil. Yo enskri tou, nan kàd demach ak manèv gouvènman Jovenel Moise la ki pa sispann fè je dou bay opozisyon an atravè envitasyon ak dyalòg yon fason pou jwenn yon deblokaj kriz mil tèt la ki sispann plonje peyi a nan lanfè.

Leave A Reply