Pòdpè: Yon Notè – Avoka jwen arestasyon li kòm presume mèt dam nan fè fo papye

496

09\15\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Subtiti Komisè gouvènman, Jean Dieudonné Gamael ki te mete yon manda “mennen vini” dèyè Notè-Avoka Nickenson Vassor prosede ak arestasyon li sou akizasyon fo papye.

Notè Vassor ki se pitit yon ansyen Notè byen konni na vil Pòdpè, te gentan prèske pran wout pou gadavi; konsa, se gras ak entèvansyon komisè Louis Wilsminder ki oblije mete Notè a nan kazye li annatandan  klarifikasyon yo fèt. Plizyè avoka tap fè gro gòj e rele anmwey maten an fas ak desizyon Gamael la. Avoka yo estime ke modalite legal yo pa respekte pou konfrè avoka yo, Nickenson Vassor.

Notè Vassor deklare ke se nan bouch moun li tande ke te genyen manda Mennen vini dèyè’l. li esplike se 3 ajan UDMO prezante yon manda alòske li menm mande yo pou moute machenn li e kondwi moute nan Pakè avèk yo san yo pa minote li.

Daprè esplikasyon ke li te arive founi bay Radyo Marconi FM nan Pòdpè, Vassor esplike se yon dàm ki rele Rosemène Petit Chaud ki antre nan ofis li ak yon ak ke li di yo mande pou fè yon Notè vize’l pou li. Vassor deklare, sèl sa li fè li analize ak la kòm yon ak de dezisteman ki de ki dedwà ak tout sinyati konfòm; mwen sèlman vize’l epi voye dàm nan ale. Se sèl sa mwen konnen!

Antouka, katchouboumbe sa mete komisè Gamael, nèg Pòtoprens kòm yon bèt nwa ki ta soti pou enpoze’l sou yon seri kad nan vil la. Avoka yo ki tap fè “Kolòn”, bat chalbarik dèyè Gamael e yo mande pou li pa pran chans mete pye’l nan pakè a ankò. Nap raple’w, daprè yon sous ke nou ka fè konfyans, kawoutchou machen komisè a te menm arive plat.

Comments are closed.