Bandi sangwen ame ouvè zam sou yon backup lapolis: yon polisye blese

950

02 – 18 – 2024

Kwa Dèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lakwa manke antre yon lòt fwa ankò nan kan lapolis la. Bandi sangwen ame jous nan dan, atake yon backup lapolis nan Dival, lokalite Kwa Dèboukè jodi dimanch 18 fevriye 2024 la.

Konsa, yon polisye ki soti nan 27èm pwomotion PNH la, arive blese nan epòl pandan atak la, dapwè kòdonatè jeneral Lionel Lazare ki tap pale nan non Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA).

Lazare ale pi lwen pou li di ke lavi polisye viktim nan pa andanje; li konfime ke lap resevwa swen medikal nan yon sant ospitalye.

Comments are closed.