Nominasyon nouvo delege depatmantal Nòdwès la soulve fristrasyon nan mitan aktè politik yo

08/14/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nominasyon Me Arnel Auguste kòm nouvo delege depatmantal Nòdwès la pa sanble ap resevwa menm akèy nan men tout aktè politik yo. Desizyon an deja lakoz fristrasyon ak kesyon nan mitan plizyè sektè politik nan depatman an, sitou bò kote kèk aktè ki te deja genyen relasyon sere ak otorite lokal yo.
Pami gwoup ki manifeste dezakò li genyen Fòs Nou, yon estrikti politik ki gen nan tèt li Paul Eli Faustin. Daprè lidè Fòs Nou an, gen plizyè desizyon Chanm Komès la pran ki, selon li, pa t fèt nan yon fason ki koresponn ak konpreyansyon ak angajman ki te egziste ant diferan aktè yo. Li fè konnen gen desizyon ki pran san tout moun ki konsène yo pa t okouran.
Pozisyon sa a ap soulve anpil entèwogasyon sou relasyon ki genyen ant kèk aktè politik ak ekonomik nan Nòdwès la. Daprè enfòmasyon k ap sikile, Paul Eli Faustin te konsidere kòm youn nan alye enpòtan Chanm Komès la nan plizyè desizyon ak demach politik. Se poutèt sa, chanjman nan dinamik yo sanble ap kreye yon nouvo klima tansyon ak ensètitid nan mitan kèk patnè ki te konn evolye ansanm.
An menm tan, gen divès moun ki konsidere nominasyon nouvo delege depatmantal la kòm yon kou pou Ajan Egzekitif Enterimè Mèri Pòdpe a, Ralph Moreau. Daprè enfòmasyon ki disponib, te deja gen gwo dezakò ant Delege Nome a, ak aktyèl Prezidan komisyon an, kote li te menm di chèf komin lan divès mo deplase.
Nan mitan tout devlopman sa yo, yon kesyon prensipal ap domine deba a nan Pòdpe: Èske nouvo delege depatmantal la, Me Arnel Auguste, ak Ajan Egzekitif Enterimè Mèri Pòdpe a, Ralph Moreau, pral rive travay ansanm malgre diferans ak tansyon ki te deja egziste nan mitan yo?
Kolaborasyon ant de otorite yo pral enpòtan anpil pou fonksyònman administrasyon piblik la nan komin Pòdpe ak nan depatman Nòdwès la an jeneral. Obsèvatè yo ap tann pou wè si nominasyon an pral ouvri yon nouvo paj nan relasyon ant diferan aktè yo oswa si li pral vin ogmante divizyon ki deja egziste yo.
Pou kounye a, kesyon yo rete anpil, pandan kominote politik ak ekonomik Nòdwès la ap swiv premye pozisyon ak premye aksyon nouvo delege depatmantal la avèk anpil atansyon.






