Ansyèn Pwemyè dàm defakto Martine Moise, pa asèpte itilize finansman trezò piblik la pou depans funeray Jovenel Moise

532

07/20/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki date 19 jwiyè 2021, ansyèn Pwemyè Dàm defakto Martine Moise ekspwime rekonesans li anvè pèp ayisyen an pou yon katafal mesaj konpasyon ak solidarite ke li te voye bay fanmiy li nan kàd asasinay pwezidan Jovenel Moise nan rezidans pwive li.

Konsa, biwo ansyen pwemyè dàm nan pwofite enfòme nasyon an ke fanmiy pwezidansyèl la konte andose ou responsabilize tout depans ki gen pou wè ak funeray pwesidan Jovenel Moise. Kidonk, fanmiy la pa antann benefisye tout supò finansye trezò piblik yo.

Antouka, yon parèy desizyon pap genyen oken enpak sou aspè ofisyèl ak nasyonal funeray la.

Comments are closed.