Montòganize antreprann gwo pase men ak betonaj nan Mòn Melya.

41
0
Share:
TRiboLAND

04/27/2026

Montòganize, Ayiti______(TRiboLAND) Yon bèl mouvman solidarite pran nesans nan komin Montòganize, kote Lamèri ak sosyete sivil la lanse yon inisyativ pou fè bonjan pase men sou wout Mòn Melya. Anba direksyon Majistra Sylvio Micanor, inisyativ sa vize koule beton nan tout kote ki gen twou yon fason pou rann sikilasyon an pi fasil ak pi sekirize.

Majistra Micanor ansanm ak Dorsainvil Jean Federme fè konnen repons popilasyon an deja ankourajan. Yo soulinye devouman ak patisipasyon pitit komin nan; sa ki sou plas tankou nan dyaspora montre angajman yo atravè sipò ak kontribisyon yo. Yon apèl lanse tou bay tout sa yo kap frekante wout la; patisipasyon yo konte egalman.

Pou ranfòse kowòdinasyon an, yo mete sou pye yon gwoup WhatsApp ki rele “Zanmi Wout Montòganize”, kote plizyè manm deja ap kolabore pou soutni inisyativ la.
Avèk inisyativ sa a, Montòganize montre yon lòt fwa ankò fòs tèt ansanm; kote otorite lokal yo ak popilasyon an ini pou pote solisyon konkrè ak dirab pou devlopman komin nan.

Share:

Leave a reply