Jis kilè ap genyen zero tolerans pou kidnapè avèk gang: Yo kidnape’l, vyole ‘l, yo dezumanize’l e yo lage’l sou pil fatra

184
0
Share:
TRiboLAND

11\01\20

Pòtoprens_____ Malgre fanmiy Evelyne tap frape tèt yo pasi pala pou negosye liberasyon Evelyne Sincère avèk sangwen yo soti 100.000 a 15,000 dola ameriken sou yon antant. Maten an jodi dimanch premye novanm 2020 an, gran sè Evelyne ki tap atreprann demach yo te sezi tande yo dekouvri kadav ti sè a toutouni sou yon pil fatra nan Delma 24.

Si leta ak òganizasyon dwa moun tap fè travay yo, sangwen kap endinye ras nwa a nan eta revòltan sa, yo pat supoze ap viv toujou nan figi moun toujou. Pa gen absoluman oken lòt mwayen pou fèmen robinè sangwen yo, se zero tolerans ak bon jan peine de mort! Nou reyèlman jennen planèt la ak krim odye e san parèy sa yo! Chyen sa yo fè espès rasyàl sa ki rele ayisyen anbarase sou planèt la.

Se nòmal pou vi moun redwi nan yon nivo parèy; paske yon sangwen kapab arive antre anndan yon kay, li touye depi se moun li jwen; anyen serye pap rive’l sinon ke kondane l pou ale sèlman nan prizon ak fè travay fòse. Pa genyen pènn kapital. Sa vle di yo deja konnen ke pa gen mouri pou yo menm si yo touye tout yon popilasyon.  Si ou betizye, yo gen espwa yo ap kapab evade ou soti nan prizon yon lè kanmenm. Se tout bagay sa yo ki fè yo pa pran vi moun pou anyen, egzanp sou plas piblik poko trase sou yo.

Evelyne Sincère te yon ansyen elèv Lise, li te genyen sèlman 21 lane, yo kidnape’l jedi ki te 29 oktòb nan moman li te soti konpoze.

Se revòltan, se repinyan, se vromisman, se babarik e se idyo! Yon sosyete pa supoze ap anbarase planèt la nan yon nivo parèy!

Turenne Elianor, Delma Pòtoprens

Share:

Leave a reply