Doktè Eddy Matin enstale kòm nouvo administratè Sant Sante Wouso nan katye vyalè premyè seksyon kominal Tigwav.

107
0
Share:
TRiboLAND

04 – 15 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Doktè Eddy Matin, enstale kòm nouvo administratè Sant Sante Wouso nan katye Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav, nan kad yon seremoni yo òganize jounen mèkredi 15 avril 2026 lan.

Yon seremoni ki dewoule anprezas prezans divès pèsonalite nan leta a, fanmi, zanmi nouvo administratè a, ak manm nan popilasyon an.

Nouvo administratè a, doktè Eddy Matin ki te pran lapawòl nan okazyon an, nan diskou li, deklare li pral travay san pran souf, yon fason pou l leve eskanp figi Sant Sante Wouso epi fè l tounnen yon referans nan rejyon dèpal la.

Toutfwa, doktè Eddy fè konnen li genyen gwo defi pou l leve nan sant lan, li mande popilasyon nan Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav, pou mete tèt ansanm avèk li pou bon fonksyonman sant lan.

Share:

Leave a reply