Komisè Kou Dapèl nan vil Okay la kandida pou pòs depite nan komin Tigwav.

08 – 25- 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, aktyèl komisè Kou Dapèl nan vil Okay, mèt Pierre Elioth Paul, nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyo yo pandan week end dimanch 23 dawout 2026 lan, anonse kandidati li pou pòs depite pou sikonskrisyon Tigwav nan pwochèn eleksyon yo ki prevwa reyalize nan dat 13 desanm 2026 kap vini la a.
Aktyèl komisè Kou Dapèl Okay la, mèt Pierre Elioth Paul ki di, li konfyan e fyè pou pote li kandida pou pòs depite pou reprezante Tigwav nan palman ayisyen an, lanse apèl bay popilasyon an, pou fè inite nan pwojè elektoral li a.
Toutfwa, komisè Kou Dapèl vil Okay la mèt Elioth ki estime li te byen travay pandan pasaj li nan pakè a, lap tann rekonpans li nan men popilasyon tigwavyèn nan sou fòm bilten vòt.






