Kòdonatè KAZEK 4è Seksyon an mande ak Leta santral nome yon jij nan tèt Tribinal de Pè Mawotyè a.

1,024

Ervilus Momuste, lidè #1 4è seksyon Mawotyè a, mande ak 3è vèsyon gouvènman moun tèt san cheve yo, nome yon jij de Pè nan tèt Tribinal la,yon mannyè pou kapab diminye fenomèn ensekirite jidisyè a nan seksyon kominal sila.

11/14/22

Mawotyè, Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak lapwès, kòdonatè Konsèy administrasyon 4è seksyon Mawotyè a plede anfavè abitan yo, epi mande ak 3e vèsyon gouvènman defakto moun tèt san cheve yo, nome yon jij nan tèt Tribinal de Pè seksyon lap dirije a, ki konstwi depi yon bon bout tan; nan lide pou kwape oubyen diminye fenomèn ensekirite jidisyè a.

Ervilus Momuste bò kote pal fè konnen, malgre demach ke l fè pou l jwenn yon Sou- komisarya, Leta santral pa janm sispann would l nan farin.

Pou Kòdonatè a, yon seksyon kominal ki genyen plis pase 30.000 abitan, e ki genyen yon distans 28 – 30 Km ak vil metwopòl nòdwès la, bezwen yon bon akonpanyeman nan zafè sekirite.

Plede anfavè yon seksyon kalm, san vanjans, lidè #1 seksyon an mande ak peyizan yo fòme brigad vijilans yo, yon mannyè pou pwoteje tèt yo, byen yo ak zannimo yo.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.