Nouvo Direktè Mèri Pòdpè a sove dejistès anba yon tantativ arestasyon

850


05-07-2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Guyno Norvilus sove dejistès nan moman Lapolis ak Jij de Pè te vin arete li nan biwo li nan Mèri Pòdpè a, se Mèt Ronel Gélin, Jij nan Kou Dapèl Gonayiv ki te mennen otorite sa yo vin arete-l paske li fè li menas lanmò.

Daprè sa ansyen Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a di nan mikwo Laprès, se yon moun pal ki te vin chèche yon otorizasyon nan Mèri a pou yon travay yap fè nan Ri Dumasai Estimé, Pòdpè. Direktè Mèri a, Guyno mande moun yo 100 000 dola Ayisyen, akoz li tande moun yo ap viv aletranje.

Mèt Ronel Gélin ki di sa se yon bagay egzajere, ki vle moun yo kolabore rele Mèrès Yanick Agenord nan telefòn pou di li, me ki sa kap pase nan Mèri a. Konsa, Direktè Mèri a, te pale trè mal ak Mèrès la kòmkwa li se sèl kòk chante nan enstitisyon sila. Sitou se Lamèri ki te kraze kay yo, anplis yo te egzonore taks moun yo.

Direktè Mèri a fè Mèt Ronel Gélin gwo menas pandan li di lap fè yo lage li Lasalin, zòn kote yo abitye al jete moun ki mouri ou yo touye nan move kondisyon. Mèt Ronel Gélin ki pa pran menas lanmò sila pou senp deklarasyon, sitou avèk gang ki gaye nan tout peyia, fè sa lalwa mande, ki se te voy yon lèt envitasyon ba li atravè Sibtiti Komisè Jeir Pierre.

Guyno ki resevwa lèt envitasyon an, pa mete pye li. Konsa, menas lanmò pa gen jwèt daprè Mèt la, li pap jwe ak sa. Li depoze yon plent fòmèl pou Lajistis fè sa la lwa mande alòske Guyno, ta sanble se nèg Sen Mak li ye, zòn kote yon gwo gwoup gang ap opere bò Lakwaperis.

Mèt Ronel Gélin fini pou mande Laprès kontinye fè travay yo, pandan yap sansiblize popilasyon an nan moman eleksyon pou fè moun yo vote, moun serye, men pa eskanmòtè ki gen move pase, kap vin dechèpiye popilasyon an. ‎

Comments are closed.