Selebwasyon Fèt patwonal Senlwi Wad Frans

355

08-25-2023

Senlwidinò, Ayiti__( TRiboLAND) Fèt patwonal Senlwi Wad Frans selebwe an gran jan ane. Yon seremoni kite dewoule jounen vandredi 25 out la, an prezans diferan otorite sivil, politik, militè ak lajistis nan depatman Nòdwès la, dapwè deklarasyon majistra Gaston Estima, komisè Gabriyè Jean Baptiste ak komisè gouvènman an Mèt Aplice.

Reveran pè Brechner Lordeus nan omeli sikonstans lan mande fidèl yo pou yo fè yon feso pou konbat fòs fènwa a ki pèmèt peyi a paka fè yon pa an avan. Yon lòt kote, li mande otorite yo mete enterè endividyèl yon kote retire Ayiti nan move pant lan.

Comments are closed.