Entèvansyon Polis nan Kafou Ganndi : 19 pakè marigwana sezi

205
0
Share:
TRiboLAND

04/04/2026

Senlwidisid, Ayiti______(TRiboLAND) Polis Nasyonal Ayiti (PNH) montre yon lòt fwa ankò angajman li nan konbat trafik dwòg lè li te reyaji rapidman nan yon operasyon sou wout Nasyonal nimewo 2, nan nivo Kafou Bè Dimèl, ke yo rele egalman Kafou Ganndi. Kote sa a, ki sitiye nan dezyèm seksyon komin Senlwidisid, souvan itilize kòm yon pwen tranzit pou aktivite ilegal akoz pozisyon estratejik li nan Gran Sid la.

Entèvansyon tranble janm sila, fèt apre enfòmasyon espesifik fòs lòd yo te genyen, ki te pouse yo aji san pèdi tan pou kraze yon rezo trafik dwòg. Pandan operasyon an, ajan yo te dekouvri yon gwo kantite dwòg an kachèt, ki te gen ladan li : 19 pake marigwana, ki te byen anbale nan twa sak chabon ki te abandone bò kote wout la. Sèn sa a montre nivo sofistike trafikan yo, ki chache kache machandiz yo nan yon seri bagay senp pou moun pa sispèk.

Apre dekouvèt la, ajan nan Biwo Konba Kont Trafik Dwòg yo (BLTS) te fè tès sou poud dwòg yo. Rezilta tès yo konfime ke se te vrèman marigwana, sa ki bay plis kredibilite nan operasyon an epi ki montre jan sa enpòtan pou pran kontwòl sou trafik dwòg nan rejyon an. Konfiskasyon kantite dwòg sa, reprezante yon viktwa pou fòs polis ayisyèn nan, ki kontinye angaje nan yon batay pou amelyore sekirite ak diminye krim atravè peyi a.

An gro, operasyon lapolis nan Senlwidisid la, montre efikasite efò inite fòs sekirite yo, pou kraze rezo trafik dwòg , epi sonje ke lit kont òganizasyon kriminèl kap kreye lòbèy anndan peyi a, toujou yon priyorite pou asire lapè piblik pou tout sitwayen ayisyen.

Share:

Leave a reply