Ekip TRiboLAND An Aksyon demare avèk premye jounen atelye fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi tout kalite pou jèn yo nan komin Senlwidinò

1,429

12-03-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Pipirit chantan, byen bonè maten an, ekip teknisyen TRiboLAND An Aksyon (TAA) yo te deja sou plas nan komin Senlwidinò pou demaraj 2 jou atelye fòmasyon ki te prevwa òganize nan kad pou bay jèn yo yon jarèt ekonomik pap padap.

Fòmasyon sila ki deja boure avèk plis pase 60 patisipan nan Lekòl Nasyonal Degranj lan, chita plis sou fabrikasyon prodwi: kòmanse sou pafen ak kloròks e rive sou dezenfektan ak siwo mango, pral pèmèt jèn komin Senlwidinò yo genyen kichòy nan men yo nan yon moman peyi a ap pran gro lakilbit ekonomik tout kalite.

Fòmasyon sa ki gratis, se youn nan priyorite TRiboLAND.com pou amelyore sitiyasyon mizèrere ki mete peyi Dayiti an agoni. Kloti fòmasyon ap genyen pou mete anfaz sou remiz yon sètifika bay chak patisipan ki pral dote anpil konpetans nan itilizasyon prodwi chimik ki kapab ede yo manifaktire pròp prodwi ak “brand name” ou “trademark” yo sou mache a.

Comments are closed.