Nouvo Lidèchip nan PNH Nòdès la, Daniel Compère pran kòmandman Direksyon Polis Nòdès la, epi lanse apèl pou inite ak sekirite

03/21/2026
Nòdès, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon seremoni ofisyèl ki dewoule jounen samdi 21 mas 2026 la, komisè divizyonè Daniel Compère enstale kòm nouvo Direktè depatmantal Polis Nasyonal Dayiti (PNH) nan Nòdès. Aktivite a fèt nan yon anbyans solanèl anba prezidans Enspektè jeneral Jean Moïse, ak prezans plizyè otorite relijye, administratif ak polisye, pami yo Monseyè Quenel Alphonse ak vis-delege awondisman Fòlibète a, Eddy Michel.
Daniel Compère pran plas komisè Jacques Antoine Étienne, ki transfere pou ale sèvi nan Enspeksyon jeneral, branch Nò a. Chanjman sa a vini nan yon kontèks kote kesyon sekirite rete yon gwo defi nan plizyè depatman nan peyi a, sa ki mete anpil presyon sou nouvo responsab la pou pote rezilta konkrè.
Nan diskou li, nouvo Direktè depatmantal la pat kache rekonesans li anvè otorite yo pou konfyans yo fè li. Li te salye travay predesesè li pandan li mete aksan sou enpòtans misyon PNH la, ki se garanti lòd piblik, pwoteje lavi ak byen sitwayen yo, epi konbat tout fòm kriminalite san feblès.
Pou fini, Daniel Compère lanse yon apèl fò bay tout polisye ak polisyè nan depatman an pou mete tèt yo ansanm. Li ensiste sou nesesite pou gen solidarite, disiplin ak angajman kolektif. Daprè li, se sèlman atravè inite ak kolaborasyon Lapolis kapab reprann konfyans popilasyon an epi asire yon klima sekirite dirab nan Nòdès la.
Nap raple, Daniel Compère deja pase plizyè depatman tankou, nan Latibonit, Nòdwès, Grandans, Sid elatriye, yon seri rejyon kote ke li fè objè de yon pakèt eskandal ki genyen pou wè avèk konplisite gang, kòripsyon ak enkapabilite ou repinyan lidèchip.






