TRIBO EXPRESS ACTUALITÉS NATIONALES – 16 MARS 2026

210
0
Share:
TRiboLAND

Renforcement de l’aide alimentaire aux populations déplacées dans le département du Centre

Le Gouvernement, en soutien aux familles déplacées, a renforcé l’approvisionnement de 10 restaurants communautaires dans le département du Centre, sous la direction de Kesner Romilus du FAES. Une rencontre stratégique s’est tenue à Hinche avec divers responsables pour coordonner les actions.

Le 14 mars, la délégation du FAES et de la Protection civile a visité plusieurs sites accueillant des Personnes Déplacées Internes (PDI), notamment des écoles, afin d’inspecter les dépôts alimentaires et assurer le bon fonctionnement des restaurants, qui fournissent chaque jour un repas chaud à plus de 1 000 personnes déplacées.

Depuis plus de six mois, le FAES accompagne régulièrement ces restaurants malgré l’insécurité persistante dans la région.

Pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi manisfeste pou respè ako 20 janvye 2025 lan.

Plizyè dizènn pwofesè lekòl piblik nan Jeremi, manifeste maten lendi 16 mas 2026 la, pou egzije leta ayisyen respekte akò 20 janvye 2025 lan kite siyen ant chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé ak ansyen minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl lan, pwofesè Antoine Augustin.

Pwofesè sila yo ki soti nan premye ak dezyèm sik fondamantal, reklame yon salè de baz senkant mil goud, kat debi, ak pou yo touche chak 25 nan mwa yo, nominasyon tout anseyan ki nan sal klas yo ak tout pèsonèl administratif yo ki nan systèm edikatif lan.

Nap fè remake malgre ansenyan premye ak dezyèm sik nan lekòl piblik yo ta dwe prezan nan sal klas pou fe ekzamen, pwofesè yo tap manisfeste e bloke direksyon depatmantal ministè a nan Jeremi, nan objektif pou fòse otorite konsène yo respekte angajman ak pwofesè yo.

Je prêche dans le désert, mais un écho se fait entendre : il est temps de renverser la corruption

Je ne me découragerai pas de prêcher dans le désert. Aujourd’hui, je suis à la fois surpris et satisfait de voir Me Antoine J. reconnaître que la situation est extrêmement grave. Cela me confirme que mes paroles n’ont pas été perdues : elles n’ont ni « tombé sur la pierre ni parmi les épines », mais ont trouvé un véritable écho.

Beaucoup d’autres doivent encore ouvrir les yeux sur cette réalité. Mais si nous voulons que les choses changent vraiment, nous devons nous rassembler au-delà des intérêts personnels pour bâtir un grand mouvement citoyen : « La Voix des Sans-Voix ». Ensemble, nous renverserons la marmite de corruption qui bouillonne dans le système.

Rappelons que la juridiction du Nord-Ouest, du temps de Me Ronel Gelin et Me Wilbert José, était un modèle pilote. Je ne prétends pas qu’ils étaient sans faute – ils sont humains, comme nous tous. Mais la vérité est là : ils ont fait la différence, et de nombreux témoignages le confirment.

Une chute vertigineuse depuis leur départ

Malheureusement, depuis leur départ, la juridiction s’est effondrée. La corruption y règne en maître, s’étalant sans aucune retenue. Chacun se proclame chef, tous se mettent au même niveau, et la hiérarchie a disparu. C’est pourquoi il est temps de se lever.

La Voix des Sans-Voix
Mon âme à Dieu, mon corps à la terre.

Gwo eskonbrit pete ant yon machann pistach ak yon manager sou lajan peyi a.

Gwo zen pete nan komin Senlwidinò ant yon machann pistach ak yon manager pou 5 biyè 10 goud, lajan peyi a ki ansikilasyon atravè larepiblik.

Manager a ki te deja fin manje sa l te achte a, lè li te deside peye, machann nan ki refize pran biyè 10 goud yo, te tonbe fè gro eskonbwit nan mitan lari a; konsa, diskisyon an te debouche sou batay. Yon sitiyasyon ki te kreye gwo panik nan mache piblik la nan komin lan.

Antouka, Leta ayisyen ta dwe pran yon desizyon kont tout moun ki refize sèvi ak lajan peyi a ki ansikilasyon sou tout tèritwa nasyonal la !

Lise Tertulien Guilbaud an danje, yon patrimwàn edikatif Nòdwès la sou wout pou kraze si pa gen yon bagay ki fèt

Nan depatman Nòdwès la, sitiyasyon Lise Tertulien Guilbaud nan vil Podpe ap soulve gwo enkyetid nan mitan ansyen elèv, pwofesè ak manm kominote a. Enstitisyon sa a, ki se premye lise piblik nan rejyon an depi 1932, parèt jodi a ap fè fas ak gwo difikilte finansye ak administratif ki menase fonksyònman li. Daprè enfòmasyon ki disponib, lè nouvo direktè a, Dieuseul Eliaza, te pran fonksyon li nan mwa janvye 2026, li te jwenn sèlman 1 500 goud nan kès etablisman an, pandan plizyè dèt t ap peze sou administrasyon an daprè rapò li te jwenn nan men youn nan responsab yo.

Sitiyasyon sa a vin mete direksyon an nan yon pozisyon difisil depi nan kòmansman manda li. Menm gwo tradisyon ki make lavi elèv yo, tankou fèt Lise a ki toujou selebre chak 23 fevriye, pa t kapab fèt ane sa a. Evènman sa a, ki te toujou yon moman fyète ak rasanbleman pou jenerasyon elèv ak ansyen elèv, pase fwa sa a tankou yon lèt a la pòs, sa ki kite anpil moun nan yon gwo nostalji.

Pou anpil obsèvatè ak ansyen elèv, sitiyasyon Lise Tertulien Guilbaud a se rezilta plizyè ane move jesyon ak pratik ki sanble ak zak koripsyon. Gen moun ki menm konpare enstitisyon an ak yon bèf yo ap souse, kote kèk dirijan te benefisye resous yo san yo pa pran swen avni lekòl la. Selon kèk sous, gen enstitisyon ki la pou konbat koripsyon ki ta deja sou wout pou mennen yon odit sou fason administrasyon an te jere resous yo nan dènye ane yo.

Malgre tout difikilte sa yo, anpil moun kontinye pote espwa pou avni lise istorik sa a. Lise Tertulien Guilbaud rete yon senbòl fòmasyon ak entèlijans pou Nòdwès la, kote plizyè jenerasyon pwofesyonèl, lidè ak entelektyèl soti. Jodi a, kominote edikatif la ap lanse yon apèl bay otorite yo, ansyen elèv ak tout moun ki kwè nan edikasyon pou mete men ansanm pou sove enstitisyon sa a, pou li pa vin yon lòt paj tris nan listwa edikasyon peyi a.

Share:

Leave a reply