Fondènèg edikasyon: Ansyen depite Detournel Yvenel atire atansyon ministè edikasyon Nasyonal sou kriz kap brase zantray edikasyon an nan depatman lan.

03 – 11 – 2026
Fondènèg, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen depite sikonskripsyon Fondènèg la, Detournel Yvenel nan yon entèvansyon li fè nan mikwo laprès, atire atansyon ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl sou kriz kap brase zantray edikasyon an, nan depatman Nip, espesyalman komin Fondènèg.
Ansyen palmantè a, pa manke mo pou denonse lenstwiksyon iregilye anseyan yo nan etablisman lekòl yo, kote sèten aktè lokal ak pwosede ak enstalasyon pa enfraksyon. Konsa, yon bagay ki pwovoke yon blokaj total sou aktivite eskolè yo depi plis pase 2 mwa.
Nan sans sa a, ansyen eli Fondènèg la, Detournel Yvenel, pwofite felisite entèvansyon minis edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet Deméro nan lide pou sitiyasyon an, pa vinn pi anvlimen.






