“Monseyè Barthélus nan omeli nan fèt Imakile Konsepsyon mande popilasyon an, ann soti nan chirepit, chanje Pòdpè ansanm”

12/08/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt Imakile Konsepsyon jodi lendi 8 desanm 2025 lan, Monseyè Charles Peters Barthélus lanse yon gwo apèl bay tout kouch nan popilasyon Pòdpè a. Daprè li, si kominote a vle wè yon lòt figi, yon lòt dinamik ak yon vrè transfòmasyon, sèl fason sa posib se lè tout moun mete tèt yo ansanm. Li fè konnen pa gen chanjman posib nan divizyon, nan jalouzi, nan konfli san sans, men se nan inite, solidarite ak yon vizyon kolektif pou lavni Pòdpè.
Monseyè a mande pèp la reflechi pwofondman sou kesyon espwa: “Eske nou se pèlerèn lesperans?” Pou li, espwa se yon fos ki pouse moun leve kanpe lè lavi fè yo tonbe, yon enèji enteryè ki pouse yo lite, reziste ak batay menm nan mitan difikilte. Li raple popilasyon an ke si yo se moun espwa tout bon, yo pa ka rete ap gade Ayiti ap tonbe, ni kite Pòdpè ap fini san yo pa di anyen. Chanjman mande angajman, rezistans, ak yon volonte pou repare sa ki brize.
Nan menm liy lan, Monseyè Barthélus kondane tout fòm vyolans ki ap brase bil peyi a: touye moun, kidnapping, dezòd ak fè zak malonèt. Dapre li, se pa nan salte e nan zak mechanste pèp la va konstwi yon sosyete kote moun kapab viv ak diyite. Li ankouraje popilasyon an chwazi lavi, chwazi lespwa ak chemen lapè, si yo vle bati yon Pòdpè ki gen valè, respè ak devlopman.






