Jounalis korespondan Radyo Kiskeya nan Tigwav, Zicout Makendy denonse menas lanmò li di lap resevwa anba bouch komisè polis la, Herard Joseph.

85
0
Share:
TRiboLAND

05 – 22 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Jounalis korespondan Radyo Kiskeya, konfrè nou Zicout Makendy, nan yon interview li akòde bay laprès jedi maten 21 me 2026 lan, pa mete dlo nan bouch li, pou denonse menas lanmò li di lap resevwa anba bouch komisè polis Tigwav la, Herard Joseph.

Jounalis Zicout Makendy esplike, sitiyasyon sa a rive, se depi lè li te denonse relasyon komisè polis la, Herard JOSEPH ak yon pòs peyaj sou waf la, lap sibi presyon ak menas lanmò. Zicout Makendy fè piblik la konnen, nenpòt sa ki ta rive li menm ak fanmiy li, se ap komisè polis Tigwav la, Herard Joseph ki dirèkteman responsab.

Toutfwa, konfrè jounalis Zicout Makendy, mande sipò laprès prese – prese nan Tigwav ak rès peyi a, òganizasyon dwa moun yo nan sans sa. Li ankouraje tout moun ki kwè nan lajistis ak libète lapawòl pou ede li soti sen e sof anba menas komisè a ki ta sanble soti pou touye li ak tout fanmiy li.

Share:

Leave a reply