REFANO nan tèt kole ak FRENO selebre Jounen Entenasyonal Dwa Fanm yo nan Nòdwès.

197
0
Share:
TRiboLAND

03/08/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se nan tèt ansanm, Rezo Fanm Aktif Nòdwes ak Fanm Rezistans Nòdwes arive jodi madi 8 mas la, selebre Jounen Entenasyonal Dwa Fanm yo nan Nòdwès.

Nan sans sa a, yon mès dlo beni pou di gran mèt la mèsi te rive dewoule byen bonè nan maten nan prezans divès patizan ak senpatizan òganizasyon sila yo.

Kòdonatris REFANO a, madam Marie Anèse Fertil, bò kote pa li fè konnen, òganizasyon l’ap kowòdone a, livre l nan yon batay anfavè medam yo ak tifi ki viktim tout kalte vyolans. Mèt Marie Anèse Fertil k ap plede anfavè medam yo, fè konnen jounen madi 8 mas la batize sou non “Aktivite Mentora”.

“Menntora”, yon aktivite anyèl ki chita sou “Mentoring Work” ki gen pou devwa devlope kapasite leadership lakay medam yo, yon mannyè pou yo pa rete san yo pap fè anyen e lage tout responsablite sou mouche gason.

 
“Aktivite Mentora” sa a, ki jwenn sipò divès fanm nan divès peyi atravè planèt la tankou : Etazini, Ikrèn e latriye, gen pou devwa bay fòmasyon sou leadership yon fason pou yo kapab parèt itil non sèlman nan fanmiy yo men egalman nan sosyete a.

Bò kote pa li, kòdonatris FRENO a, madame Guitho fè konnen Jounen Entenasyonal Dwa Fanm yo vle di anpil bagay pou yo. Li pwofite pote nan sans sa a, yon bemòl pou anpil moun ki konsidere jounen madi 8 mas la kòm fèt fanm yo, kote li fè konnen yon parèy jounen se jou kote anpil peyi te rive reyèlman rekonèt dwa fanm yo.

Plede anfavè yon kota 50/50, kòdonatris la rabat pou l di ke yap kontinye goumen yon mannyè pou kota a respekte, paske yo estime mesye yo pap batay nan favè yo. Kòdonatris FRENO a, konseye medam yo ale lekòl aprann yon metye paske dapwè li se mwayen ki ka rive ede yo tout bon vre, fè fas kare ak pwoblèm yap konfwonte nan vi yo. Pou kòdonatris yo, yo itilize divès mekanism pami yo, yon kès solidarite ki kapab ede medam yo nan tèt kole pwomouvwa aktivite ekonomik yo.

Pou fini ak selebrasyon Jounen Entenasyonal Dwa Fanm yo nan depatman Nòdwès la, kòdonatris yo lanse yon apèl ak tout fanm k ap viv sou depatman Nòdwès la, kote yo fè konnen non sèlman pòt yo rete tou louvri ap tan n yo, men tou, pa ezite vin pote plent tout fwa yo viktim tout kalte vyolans.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply