Eskandal nan mòg Wanament, kò Madam Jesula Monfiston disparèt, antèman an anile

03/06/2026
Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Te gen gwo tèt chaje nan maten mèkredi 4 mas 2026 la nan vil Wanament, kote fineray Madam Jesula Monfiston pa t rive chante jan sa te prevwa a. Antèman an te dwe fèt nan Pawas Notre-Dame Assomption, men fanmi an pa t kapab jwenn kò defen an nan mòg finerè Zenith, kote li te depoze depi 25 fevriye pase a. Sitiyasyon sa a mete fanmi an nan gwo lapenn ak endiyasyon, sa ki pouse yo pran chimen lajistis pou jwenn klarifikasyon sou sa ki rive kò a.
Jij depè titilè a.i Wanament lan, Renaud Pierre, te deplase nan ponp finèb la pou fè konsta legal sou dosye a. Avoka fanmi an, Mèt Célondieu Abellard, mande jij la pou fòse responsab mòg la mete tout kadav yo deyò pou verifye idantite yo. Daprè youn nan tonton defen an, Mesye Precimus, lè yo te depoze Madam Jesula Monfiston nan mòg la, yo te idantifye kò a ak nimewo 231.
Sepandan, pandan verifikasyon yo, fanmi an dekouvri nimewo 231 a te sou pye yon kadav gason, sa ki soulve gwo kesyon sou fason mòg la ap jere kadav yo. Avoka fanmi an fè konnen responsab mòg la gen 24 èdtan pou yo remèt kò Madam Jesula Monfiston. Sinon, yo pral mennen dosye a devan lajistis pou etabli responsablite sou disparisyon kadav la.






