Kòdonatè depatmantal fondasyon MENAEM lan, pastè Isaac Jacquet, denonse Kòdonatè nasyonal fondasyon an Pierre Cadet ki mete l nan gro difikilte.

1,092

05-17-2023

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Pastè Isaac Jacquet kòdonatè depatmantal fondasyon MENAEM, an patenarya avèk fondasyon Vladimir Poutine pou rekonstri Ayiti, ke Pierre Cadet ki se Kòdonatè nasyonal fondasyon an nan peyi Dayiti, denonse ak tout fòs li kòdonatè a deske li pran lajan kontrivyab yo nan Grandans peyi a.

Reprezantan fondasyon MENAEM lan nan Grandans pastè Isaac Jacquet, ki deklare ke se li menm ki te enskri plizyè milye sitwayen pou fondasyon an atravè tout depatman an; kote ke chak moun te bay 250goud pou badj sou baz pou yo benefisye asistans ekonomik ak projè lojman sosyàl.

Dapwè Pastè Isaac Jacquet, Pierre Cadet, ap bay manti kote ke’l ta fè kwè ke’l mete sou kont komite depatmantal fondasyon MENAEM Grandans, 250 mil dola ameriken. Pou pastè Isaac Jacquet sa pa genyen anyen pou wè ak laverite.

Konsa, kòdonatè depatmantal fondasyon MENAEM Grandans lan, Pastè Isaac Jacquet promèt ke li pwal pote plent nan pakè Jeremi kont tout moun ki ap fè l menas “Bwa Kale” pou yon parèy dosye.



Comments are closed.