Leyogànn: yon bann chanpyèl anvayi e bat Pè pawàs Senterèz la nan moman seremoni finèb yon jènn fi

10/31/2021
Leyogànn______(TRiboLAND) Pè Gaby nan pawàs Sent Terèz Dabònn subi atak anba men yon bann chapyèl ki te anvayi legliz la nan moman seremoni funèb yon jènn fi samdi 30 oktòb 2021 an.
Selon medyà lokal yo, bann chanpyèl anvayi enstitisyon katolik la nan moman Pè Gaby tap selebwe fineray yon jèn fi. Atoufè mistik yo arive bat lidè eklezyastik la akoz li te anpeche yo fè makakriyèz rele lèsen anndan legliz la. Pè Gaby pase move moman anba men asayan yo ki dechire li pak an pak e menm arive blese l.
Konsa, antèman te oblije kanpe. “Deblozaj pèmèt la”, pat kite pèp souvren endiferan ki te kòmanse ap fouye zo nan kalalou. Plizyè endividi nan popilasyon twouve se derespektan ak radiyès; yo pat pran tan pou te bay azipopo mistik yo mounen pyès yo. Anpil nan yo kite bwà atè, sak blese e ki pèdi patiraj pat manke jwenn sa yo merite; se yon veritab laterè “sovkipe”! Se avèk konkou lapolis ki fè plizyè nan yo pa gentan pase alenfinitif.
Enfòmasyon yo vle fè kwè ke yon gwoup nan bann chanpyèl la te twouve l nan gadavi; yo menm voye mesaj bay paran mò a pou kouri bwit soukou pote kadav la nan pòs polis la ba yo; yon fenomènn mistik anplis ki ajoute ak yon pakèt lòt kriz mizèrere nan kotidyen sitwàyen ayisyen yo ki pa konnen ki sen pou yo rele.






